test

Sit-in kont kidnapin lan ak insekirite a toujou kenbe malgre kidnapè yo lage kèk nan victim yo.


Se vre kidnapè yo libere Mike Bellot avèk Eril Dédé, 18 janvye 2020 an, malgre sa ekonomis Etzer Emile fè rapèl pou tout moun ki te konte patisipe nan sit-in kont kidnapin ak insekerite a pou yo toujou rete mobilize.


Nan sans sa a, li ankouraje popilasyon an patisipe nan sit-in ki pwograme pou 19 janvye a devan rezidans ofisyèl Premye Minis lan.


Randevou a kase a 11zè di maten nan Musseau, devan rezidans ofisyèl Prezidan Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la, Minis Jouthe. Yon fason, pou patisipan yo nan mouvman sa a eksprime ke yo bouke ak ogmantasyon ka kidnaping ak ensekirite an Ayiti. Yon mouvman ki sipòte pa ekonomis Émile Etzer ki fè konnen si zak kidnapin lan kontinye ak afekte tout sektè nan lavi nasyonal la, li nesesè pou nou ini fòse nou epi kwape fenomèn sa a.

Enregistrer un commentaire

0 Commentaires
* Veuillez ne pas spammer ici. Tous les commentaires sont examinés par l'administrateur.

Top Post Ad

Below Post Ad