test

Daprès yon revelasyon Nasyon zini, genyen plis pase 700 abi ak vyolasyon dwa ki gen pou wè ak lavi moun epi avèk sekirite moun nan peyi dayiti, nan manisfèstasyon yo nan lane 2018 ak 2019.

Rapò Biwo Wo-komisarya nasyonzini pou dwa moun ak Biwo Entegre Nasyon Zini an ayiti (BINUH) fè konnen, gen yon total de 698 abi ak vyolasyon dwa ki gen pou wè ak lavi moun epi avèk sekirite moun ke yo te rive konte nan plisyè manifestasyon nan lane 2019 ak 2019 sou tout teritwa nasyonal la. 


Rapò ale pi lwen pou fè konnen vyolasyon sa yo fè nan manisfestasyon ki te òganize ant 6 jiyè 2018 ak 10 desanm 2019 an ayiti.

Se yon total de 131 abi ak vyolasyon dwa ki gen pou wè ak lavi moun avèk sekirite nan manifestasyon lane 2018 yo epi 567 vyolasyon ak abi nan manifestasyon 2019 yo rapò onizyen an presize.


Dokiman Onizyen an fè konnen tou ke yo obsève, vyolasyon dwa pou moun reyini, rasanble avèk pou yo manifeste pasifikman, an plis tout vyolasyon dwa ki pou wè ak lavi epi sekirite moun yo se Polis Nasyonal Dayiti, gang avèk moun ame ke yo pa rive idantifye ki komèt yo.


Nan menm dokiman Onisyen sa a, yo fè yon analiz patikilyèman sou enpak konsekans kèk evènman lane 2018 ak 2019 yo sou libète moun genyen pou sikile, sou dwa moun pou lasante, ledikasyon, manje, epi aksè avèk lajistis. Osi byen ke sou dwa moun yo prive de libète pou yo trete yo tankou moun.


An tèm de respè dwa moun nan yon kontèks de manifestasyon, Rapò Onizyen ekjije gouvènman ayisyen an     pou anpeche repetisyon vyolasyon ak abi dwa moun, ankouraje pito lapè. agrandi espas sivik la, pou ankouraje règleman lapè nan diskisyon.


Biwo Wo-Komisarya Nasyonzini pou Dwa Moun ak Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti a tou ensiste sou nesesite pou leta aplike tou dwa ekonomik ak sosyal popilasyon an an Ayiti.

 

 

 


Enregistrer un commentaire

0 Commentaires
* Veuillez ne pas spammer ici. Tous les commentaires sont examinés par l'administrateur.

Top Post Ad

Below Post Ad