test

Barça: Gwo negosyasyon pou Arturo Vidal ale jwenn INTER MILAN

Ramon Planes, sekretè teknik Bacelòn nan, admèt jodia ke negosyasyon yo te sou pye pou depa milye teren an Arturo Vidal, ki ka al ateri nan Inter Milan.


"Nou nan yon pwosesis negosyasyon ki pa fèmen, mwen pa ka konfime okenn chif oswa akò," se sa Planes te di pandan prezantasyon nouvo jwè Blaugrana Miralem Pjanic.

Aprè de sezon nan Barça, Arturo Vidal ap siyen ak Inter Milan, kote li pral reyini ak Antonio Conte, ke li te deja konnen nan Juventus. Selon laprès Panyòl, operasyon an ta monte a demi milyon ero.

"Mwen ta renmen pran opòtinite sa a pou'm remèsye Arturo pou de ane sa yo li te ban nou. Li se yon moun ekstraòdinè, ak yon bon kè ak angajman e te yon moun ki te trè enpòtan nan gwoup la."

Sekretè teknik Barça a, sepandan, te pi klè nan moman li tap pale sou posib depa atakan Luis Suarez, ki se moun antrenè Ronald Koeman te fè konnen ke li pa te konte sou li.

"Nou dwe gen anpil respè pou jwè yo ki te travay anpil nan Barcelòn," se sa li te di.

"Li klè ke nou nan yon pwosesis chanjman nan ekip la, ak yon nouvo antrenè, ak nouvo lide e se sou sa nou ap travay", se sa Planes te ajoute, pandan'l precise ke "mache a ap fini 5 oktòb, pa bliye avan dat sa a rive anpil bagay ka rive pou jwè yo ak klèb la. "

"Barca gen yon objektif trè klè nan pwofil ekip yo vle a, pwofil jwè yo vle a e se sou sa nou pral travay. Nou dwe pran pasyans," se konsa li te konkli.
Tags

Enregistrer un commentaire

0 Commentaires
* Veuillez ne pas spammer ici. Tous les commentaires sont examinés par l'administrateur.

Top Post Ad

Below Post Ad